Adresse: Miami, USA
Email: [email protected]
Phone : +1 561 757-9832

Par Freudly BEAUPLAN
Reprezantan ameriken‑ayisyen Berny Jacques, ki fèt Pòtoprens, prezante HB 1307, yon pwojè lwa sou imigrasyon ki vize imigran san papye nan Lèzetazini.
Pwojè a pwopoze gwo mezi , tankou entèdiksyon pou ouvri kont labank, jwenn prè oswa voye lajan pou moun san estati legal. Li obligatwa pou patwon itilize E-Verify, epi konpayi ki vyole règleman yo ka fè fas ak amann, sispansyon oswa revokasyon lisans.
Berny Jacques di lwa a vize retire atraksyon pou imigrasyon ilegal epi responsabilize patwon yo.
Men prensipal mezi ki nan pwojè a, daprè media The Haitian American :
1-Entèdiksyon pou travayè san papye ouvri kont labank, jwenn prè, resevwa lisans oswa sèvis finansye, oswa benefisye pwogram leta pou achte kay.
2-Restriksyon sou transfè lajan pou moun ki pa gen estati legal.
3-Oblijasyon pou patwon itilize sistèm federal E-Verify pou verifye estati travayè yo.

4-Sanksyon pou konpayi ki anplwaye travayè san papye :
-10 000 dola amann ak sispansyon lisans 1 an pou yon premye fwa,
-Jiska 100 000 dola ak sispansyon 5 an pou dezyèm fwa,
-Revokasyon lisans definitivman ak amann jiska 250 000 dola pou twazyèm fwa.
5-Konpayi ki anplwaye plis pase 50 travayè san papye ta konsidere kòm koupab yon krim twazyèm degre, ak pèdi lisans li otomatikman.
6-Responsablite legal patwon pou aksidan, blesi oswa lanmò travayè san papye, epi ranbousman depans medikal piblik.
7-Etabli yon prezonpsyon koupabilite kont chofè san papye nan aksidan sikilasyon, sof si gen prèv ki montre kontrè a.
Patizan pwojè lwa a di mezi sa yo ap diminye chay finansye sou kontribyab epi mete plis disiplin nan mache travay la. Bò kote pa li, opozisyon an avèti lwa a ka ogmante travay kache, ensekirite sosyal, epi frape fanmi imigran yo dirèkteman.
Freudly BEAUPLAN
Subscribe to get the latest posts sent to your email.