Rekò san parèy : plis pase 11 milyon touris debake Repiblik Dominiken an 2025

Repiblik Dominikèn anrejistre yon rekò istorik an 2025 ak 11 676 901 vizitè, sa ki reprezante yon kwasans 4,7 % konpare ak ane anvan an. Daprè minis Touris la, David Collado, rezilta sa a se konsekans yon transfòmasyon pwofon ak dirab nan sektè touris la pandan senk dènye ane yo. Minis la te prezante bilan pèfòmans endistri a pou peryòd janvye rive desanm 2025.

Nan total vizitè sa yo, « 8 861 169 etranje ki pa rezidan te antre nan peyi a pa avyon, pandan 2 815 732 pasaje te rive pa lanmè. Chif sa yo konfime yon tandans touris ki pi jèn, majorite fanmi, ki chèche detant ak lwazi » , si nou ka kwè responsab yo.

Daprè sondaj ki fèt pami touris yo pandan 12 dènye mwa yo, 92 % di yo pare pou retounen vizite Repiblik Dominikèn, tandiske 61 % di yo ta rekòmande destinasyon an bay lòt moun. “Nou fèmen yon ane ekstrèmman solid, ak yon kwasans touris ki klè e fò,” se sa minis David Collado te souliye, daprè jounal Diario Libre.

Se nan mwa desanm lan rezilta yo te pi frapan. Peyi a te resevwa 1 392 649 vizitè, sa ki depase baryè yon milyon pou premye fwa, ak yon ogmantasyon 14,2 % konpare ak desanm 2024. Jou 20 desanm lan te make pik la, ak 42 494 touris ki te antre nan peyi a nan yon sèl jou.

Minis la eksplike siksè sa a se gras ak divèsifikasyon mache emetè yo ak lansman nouvo wout ayeryen ki pèmèt 69 724 vòl antre nan peyi a. Ekspansyon konektivite Ayewopò Punta Cana te jwe yon wòl kle, sitou ak nouvo wout ki soti nan kòt lès Etazini, Meksik ak Ajantin. Ayewopò sa a, ki te resevwa 61 % tout touris yo an 2025, anrejistre yon kwasans 8 %, ak plis pase 5,4 milyon pasaje.

Nouvelles Des Amériques


En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture