Plizyè etid dekouvri prezans plon ak sibstans ki ka lakòz kansè nan fo cheve fanm nwa ap itilize yo

Plizyè etid ki pibliye nan fen mwa fevriye a revele prezans plon ak lòt sibstans ki ka lakòz kansè nan fo cheve anpil fanm nwa ap itilize pou fè galon, tòsyon oswa fo lòks.

Daprè CNN, òganizasyon konsomatè Consumer Reports pibliye yon etid semèn sa a kote li idantifye plon nan 29 mak ekstansyon cheve.

Paralèlman medya rapòte gen yon lòt etid syantifik ki te pibliye nan mwa fevriye 2026 la ki te egzamine 43 echantiyon fo cheve ak cheve natirèl ke yo te achete sou entènèt ak nan magazen pwodui bote. Rechèch la dekouvri plizyè dizèn sibstans danjere, pami yo gen kèk ki asosye ak kansè, domaj nesans ak pwoblèm repwodiksyon.

Daprè syantis yo, plis pase 80 % echantiyon yo te teste yo te gen pwodui chimik ki lye espesyalman ak kansè nan tete, si nou ka kwè CNN.

« Tout echantiyon yo, eksepte de, te genyen omwen yon sibstans ki klase kòm danjere ».

Sepandan jounal ameriken an soulinye rechèch yo poko detèmine klèman si itilizasyon ekstansyon sa yo lakòz maladi dirèkteman. Syantifik yo souliye bezwen pou plis etid pou mezire nivo ekspozisyon ak risk reyèl pou sante medam yo.

Elissia Franklin, yon syantifik ki te patisipe nan youn nan etid yo, fè konnen li te konn  itilize plizyè estil tradisyonèl nan sa ki gen pou wè ak ekstansyon cheve. Li eksplike ke li te konstate iritasyon sou po li apre li te mete ekstansyon epi dekouvri pwodui chimik nan fo cheve ki vann nan magazen bote yo.

Malgre alèt yo, anpil salon galon kontinye fonksyone nòmalman. Pwopriyetè yon salon toupre Austin, Texas, deklare li te tande pale de kestyon chimik yo sou rezo sosyal, men li poko resevwa plent dirèk nan men kliyan li yo, ki souvan pote pwòp ekstansyon yo achte lòt kote.

Ekspè yo fè remake ke mache pwodui cheve a rete san regilasyon sa ki soulve kesyon sou pwoteksyon konsomatè yo. Yo ankouraje plis transparans ak siveyans endepandan pou asire sekirite pwodui plizyè milyon fanm ap itilize chak jou.

Justin GILLES


En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture