Adresse: Miami, USA
Email: [email protected]
Phone : +1 561 757-9832

Par Freudly BEAUPLAN
Yon etid ameriken montre ke rejim mediterane a kapab jwe yon wòl enpòtan nan pwoteksyon sèvo fanm apre menopoz, yon peryòd kote risk pou fè aksidan vaskilè serebral (AVC) ogmante natirèlman.
Se doktè Sophia Wang ansanm ak ekip li nan City of Hope ki te fè rechèch sa a epi pibliye l nan jounal syantifik Neurology Open Access. Daprè medya entènasyonal CNN, espesyalis yo te egzamine plis pase 105 000 fanm pandan anviwon 20 lane pou evalye enpak alimantasyon sou sante sèvo yo. Etid la te kòmanse nan lane 1995.
Dr Sophia Wang fè konnen aprè menopoz, chanjman òmòn ogmante risk maladi kadyovaskilè lakay fanm. Men, dapre etid la, yon chanjman senp nan fason nou manje ka gen yon enpak reyèl sou sante sèvo a pandan lontan.
Rezilta ki bay espwa
Fanm ki te respekte rejim mediterane a plis te montre 18 % mwens risk pou fè nenpòt kalite AVC, 16 % mwens risk pou fè AVC iskemik, ak 25 % mwens risk pou fè AVC emorajik.
Kisa rejim mediterane a gen ladan l?
Rejim mediterane a ankouraje konsomasyon fwi ak legim, sereyal konplè, pwason, nwa ak grenn, ansanm ak lwil doliv. Nan etid la, patisipan yo te klase sou yon echèl 9 pwen pou mezire nivo disiplin yo pandan y ap suiv rejim nan.
Plis pase pwoteksyon kont AVC
Ekspè yo fè konnen benefis yo pa limite sèlman ak prevansyon kont AVC. Yon alimantasyon ki pi natirèl ak majorite vejetal ka ede diminye risk maladi kè, dyabèt, demans ak kèk kalite kansè.
Dr Sophia Wang fè konnen aprè menopoz, chanjman òmòn ogmante risk maladi kadyovaskilè lakay fanm, men dapre etid la, yon chanjman senp nan fason nou manje ka gen yon enpak reyèl sou sante sèvo a pandan lontan.
Pou fanm ki gen plis pase 50 lane, espesyalman apre menopoz, chwa ki fèt nan asyèt la chak jou ka tounen yon veritab pwoteksyon pou sèvo ak kè yo.
Freudly BEAUPLAN
Subscribe to get the latest posts sent to your email.