Adresse: Miami, USA
Email: [email protected]
Phone : +1 561 757-9832

Konseye-prezidan Leslie Voltaire fè konnen Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT) ap kite pouvwa a 7 fevriye 2026, jan sa prevwa nan Akò 3 avril 2024 la.
Depi kèk tan, anpil deba ap fèt sou avni KPT a, pandan manda li ap rive nan bout li. Pou pote yon ti limyè sou sa a , Leslie Voltaire, ki reprezante Fanmi Lavalas nan konsèy la, konfime manm KPT yo pap gen okenn lejitimite aprè dat 7 fevriye 2026 .
« Sou baz akò ki te kreye konsèy la, nou menm manm KPT a, n ap kite pouvwa a. Apati 7 fevriye, nou pap lejitim ankò », se deklarasyon Leslie Voltaire nan mikwo divès jounalis, pandan li te an deplasman nan depatman Sid.
N ap raple konsèy prezidansyèl tranzisyon an te gen misyon pou tabli sekirite nan peyi a, òganize yon referandòm ak eleksyon jeneral. Sepandan, jouk kounya, KPT a pa reyalize konnen okenn nan objektif sa yo. Sitiyasyon sa a ap ogmante tèt chaje sou risk pou gen yon vid enstitisyonèl avan fen manda konsèy la.
Pou plizyè aktè nan sosyete sivil la, youn nan opsyon ki sou tab la se ale nan Lakou Kasasyon pou idantifye yon prezidan pwovizwa epi nonmen yon premye minis ki soti nan klas politik la. Sepandan, jiskaprezan, pa gen okenn konsansis klè sou pwopozisyon sa a.
Na p raple nan yon nòt ki pibliye 9 janvye 2026, Gwoup Pèsonalite Eminan Karikòm yo lanse yon apèl bay manm KPT yo ak tout aktè politik ayisyen yo pou yo jwenn , san pèdi tan, yon solisyon ak kriz la avan 7 fevriye 2026.
Sou bò pa li, Legliz katolik la, atravè Monseyè Pierre André Dumas, pwopoze tèt li kòm medyatè. Nan sans sa a, li voye lèt bay plizyè aktè politik ak prezidan KPT a, Laurent Saint-Cyr, pou envite yo nan dyalòg, nan objektif pou rive jwenn yon solisyon politik anvan fen manda Konsèy prezidansyèl tranzisyon an.
Nouvelles Des Amériques
Subscribe to get the latest posts sent to your email.