Adresse: Miami, USA
Email: [email protected]
Phone : +1 561 757-9832

Kansè pwostat se youn nan kansè ki frape gason plis atravè mond lan. Ozetazini sèlman, li se dezyèm kansè ki pi souvan parèt lakay yo. Malgre pwogrè medikal yo, anpil nan mesye yo pa remake okenn siy bonè.
Daprè espesyalis nan kansè pwostat ak sistèm irinè, Lisly Chéry, M.D., pifò gason ki nan premye etap kansè pwostat pa montre okenn sentòm. Li fè konnen lè sentòm yo kòmanse parèt, anpil fwa maladi a gentan rive nan yon etap avanse, sa ki konplike trètman an.
Men 5 premye siy ki ka parèt lè yon gason gen kansè pwostat.
1-Difikilte pou pipi
Lè ou gen difikilte pou pipi oswa lè ou pa ka vide blad pipi a nèt. Sa ka rive lè pwostat la ap gonfle oswa tisi kansè a ap peze sou irèt la ki se tib ou pipi a . Nan ka pi grav, yon katetè ka nesesè pou vide blad la, daprèsa doktè Chery eksplike.
2-San nan pipi
Doktè a avèti, nenpòt tras woz oswa wouj nan pipi mande yon evalyasyon imedyat. Li mande pou mesye yo prese al wè yon pwofesyonèl sante si yo remake sa a.
3-Anvi pipi souvan
Lè w ap leve plizyè fwa nan lannuit oswa ap al nan twalèt souvan , sa ka yon siy ke pwostat la pa fonksyone byen.
4-Difikilte pou kenbe koule pipi a estab
Difikilte pou kòmanse oswa kenbe koule pipi a estab se youn nan siy ki parèt souvan, daprè sa òganizasyon « MD Anderson Cancer Center » rapòte.
5-Doulè nan basen (pelvis)
Doulè oswa yon sansasyon nan basen an ka yon siy kansè pwostat ki avanse. “Lè kansè pwostat la ap grandi, li ka kòmanse antre nan misk basen yo oswa nan miray rèktòm nan,” daprè doktè Chéry.
Anplis de siy sa yo, gen lòt ki pi ra ki ka parèt, tankou:
-san nan espèm
-pwoblèm ereksyon
-doulè nan zo
Kansè pwostat se yon maladi ki avanse an silans, men ki ka trete pi byen lè li dekouvri bonè. Sentòm yo pa toujou prezan, se poutèt sa depistaj ak bon enfòmasyon se premye defans mesye yo.
Nouvelles des Amériques
Subscribe to get the latest posts sent to your email.