Adresse: Miami, USA
Email: [email protected]
Phone : +1 561 757-9832

Yon preparatè taks nan Port St. Lucie, Wislet Metayer, 45 an, te kondane 11 fevriye a pou 36 mwa nan prizon federal pou fwod taks ki depase 175,000 dola ameriken, ansanm ak pou bay manti nan aplikasyon li pou jwenn sitwayènte ameriken.
Se Jij federal Donald M. Middlebrooks ki bay kondanasyon an epi li bay Metayer lòd pou li remèt 167,792.45 dola kòm ranbousman. Yon jiri federal nan West Palm Beach deja jwenn li koupab pou 32 ka pou ede prepare deklarasyon taks ki fo, ansanm ak yon ka pou bay fo deklarasyon nan pwosesis natiralizasyon.
Daprè dosye tribinal yo, Metayer te travay kòm preparatè taks pwofesyonèl soti apeprè 2019 rive 2025. Pwokirè yo deklare li te depoze plizyè deklarasyon taks federal ki te genyen pèt biznis, dediksyon ak fo kredi san kliyan yo pat konnen, pou ogmante ranbousman yo ak frè sèvis li yo. Plan sa a te lakoz plis pase 175,000 dola pèt pou Trezò Ameriken an.
“Akize sa a te abize konfyans kliyan li yo epi li te vòlè nan men kontribyab Ameriken yo,” Se deklarasyon Pwokirè Zòn Sid Florid la, Jason A. Reding Quiñones. Pwokirè a kontinye pou di “Li te ogmante ranbousman yo pou ogmante frè li, sa ki te koute Trezò Ameriken plis pase 175,000 dola. An menm tan, li te eseye jwenn sitwayènte pandan li t ap kache krim li yo. Nou pap tolere fwod nan sistèm taks nou oswa mank onètete nan pwosesis imigrasyon an.”
Metayer ki gen yon rezidans pèmanan legal, te aplike pou natiralizasyon an mas 2024 pandan fwod taks la t ap fèt, dapre dosye tribinal yo.
Justin GILLES
@Nouvelles Des Amériques
Subscribe to get the latest posts sent to your email.