Anba lang ou gen sa? Men sa ekspè yo di

Anpil moun konn sezi lè yo remake ti franj oswa ti pli anba lang yo. Daprè sit syantifik Biological Insights, sa rele plica fimbriata e li se yon pati nòmal nan anatomi bouch moun.

Plica fimbriata se yon ti pli manbràn ki chita sou pati anba lang lan, sou chak bò frenulum lan, ki se ti bann po ki konekte lang lan ak planche bouch la. Estrikti sa a anjeneral parèt an pè (2), e fòm li ka varye selon chak moun.

Daprè Biological Insights, non an soti nan mo laten fimbria, ki vle di “franj”, paske li gen yon aparans ki sanble ak ti pwent oswa ti moso po ki pandye.

Poukisa li konn fè moun enkyete?

Daprè enfòmasyon Biological Insights pibliye, anpil moun konn konfonn plica fimbriata ak lòt pwoblèm nan bouch la, sitou paske li gen yon aparans moun pa twò abitye wè.

Gen moun ki konfonn li ak fibròm iritasyon (ti boul ki parèt apre yon ti chòk), kis lenfoepitelyal (ti boul blan oswa jòn), venn elaji anba lang lan, oswa ranula (yon kis ki gen likid anba lang lan).

Men diferans lan klè: plica fimbriata se yon pli simetrik ki parèt sou toude bò frenulum lan; li pa yon boul izole ni yon anflamasyon.

Ki fonksyon li genyen?

Daprè Biological Insights, plica fimbriata sitiye toupre twou kote saliv soti nan glann sublingual ak submandibular yo antre nan bouch la. Li ka ede fasilite drenaj saliv la, men li pa gen yon gwo wòl esansyèl nan pale oswa manje. Ekspè yo konsidere li kòm yon rès devlopman nòmal lang lan pandan kwasans moun.

Èske li bezwen trètman?

Toujou daprè Biological Insights, plica fimbriata pa danjere e li pa bezwen okenn tretman. Li pa kansè, li pa enfeksyon, e li pa yon maladi.

Nan kèk ka ra, si dan yo irite zòn nan souvan, sa ka lakòz yon ti doulè oswa yon ti blesi. Men sa se yon iritasyon segondè, pa yon pwoblèm estrikti a li menm. Si gen doulè, anflamasyon oswa chanjman ki pa nòmal, li rekòmande pou konsilte yon pwofesyonèl lasante.

Plica fimbriata se yon pati nòmal nan bouch la ki konn bay enkyetid akoz aparans li. Men jan Biological Insights esplike sa, li se yon varyasyon natirèl nan kò moun e li pa reprezante okenn danje pou sante. Konnen sa ka ede evite panik ak tretman ki pa nesesè.

Nouvelles Des Amériques


En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture