Adresse: Miami, USA
Email: [email protected]
Phone : +1 561 757-9832

Nan Alabama, Reprezantan Eta Phillip Pettus, R-Killen, depoze yon pwojè lwa pou sesyon lejislatif 2026 la nan lide pou entèdi tout egzamen pou jwenn lisans kondwi fèt nan nenpòt lòt lang ki pa anglè.
Daprè pwojè la lwa sa ki rele “House Bill 88”, « tout pati ekri, oral, vizyon ak kondwi egzamen an dwe fèt sèlman an anglè ». Lwa a ta menm vle anpeche moun k ap aplike pou lisans kondwi itilize diksyonè, aparèy elektwonik oswa entèprèt pandan egzamen an, si nou ka kwè media Alabama Political Reporter.
Pettus te eksplike Alabama Daily News « ke li prezante HB88 aprè yo fin konstate yon seri aksidan ki lakoz anpil moun pèdi lavi yo nan lòt eta, kote chofè kamyon Sikh te enplike», se sa medya Alabama Political Reporter fè konnen.
Li kontinye pou di « administrasyon Trump lan te itilize aksidan sa yo pou di ke imigran se chofè danjere, epi mete nouvo estanda anglè ak règleman ki limite kapasite imigran pou jwenn lisans komèsyal (CDL)».
Sepandan, divès opozan fè konnen pwojè lwa sa a se yon « diskriminasyon kont imigran, paske pa gen okenn done ki sipòte sa administrasyon an ap reklame», se sa nou li nan medya a.
Nouvelles Des Amériques
Subscribe to get the latest posts sent to your email.