Adresse: Miami, USA
Email: [email protected]
Phone : +1 561 757-9832

Amazon ap prepare pou elimine anviwon 30 000 djòb nan kad yon plan restriktirasyon ki vize diminye prèske 10 % nan pèsonèl administratif li yo.
Aprè li fin revoke anviwon 14 000 anplwaye biwo nan mwa oktòb pase a, Amazon konte lanse yon dezyèm vag revokasyon ki ka afekte yon kantite anplwaye ki sanble, pou rive sou yon total anviwon 30 000 djòb, dapre Fox2detroit. Sepandan, medya a soulinye ke chif sa a ka toujou chanje.
Si plan sa a rive aplike nèt, se ta pi gwo revokasyon nan listwa Amazon, depase sa ki te fèt an 2022, lè konpayi an te elimine anviwon 27 000 djòb.
Daprè Reuters, revokasyon yo ka kòmanse apati semèn k ap vini an epi yo ka touche plizyè depatman kle, tankou Amazon Web Services (AWS), sektè komès detay la, resous imèn (People Experience and Technology) ak Prime Video.
Nan mwa oktòb, Amazon te lye premye vag revokasyon yo ak avansman entèlijans atifisyèl, li te deklare nan yon mesaj entèn ke “jenerasyon AI sa a se teknoloji ki pi transfòmatif depi entènèt la”, sa ki pèmèt konpayi yo fonksyone pi rapid.
Direktè jeneral Amazon lan, Andy Jassy, te deja fè konnen itilizasyon entèlijans atifisyèl ka mennen nan yon rediksyon nan kantite anplwaye administratif yo, daprè Fox2detroit.
Sepandan, li te esplike pita devan analis finansye yo ke revokasyon yo pa t sitou motive pa kesyon finans oswa pa AI, men pito paske sistèm nan te vin twò lou, ak twòp pwosedi ak twòp nivo jesyon.
Justin Gilles
Subscribe to get the latest posts sent to your email.