Poukisa gason kòmanse gen pwoblèm pipi aprè 40 an ?

Par Freudly BEAUPLAN

Anpil gason ki gen 40 lane oswa plis ap fè fas ak pwoblèm pwostat san yo pa vrèman konnen kisa pwoblèm nan ye ni poukisa li parèt. Pou ede piblik la pi byen konprann reyalite sa a, Doktè Pablo Mateo, iwològ dominiken ki gen plis pase 26 lane eksperyans, chirijyen iwològ akredite pa UASD, pataje nan ribrik « Vida » sou Listín Diario tout sa gason dwe konnen sou pwoblèm pwostat. Li eksplike siy, sentòm ak kòz prensipal yo, pou ede gason pran swen sante yo alè.

Pwoblèm pou pipi aprè 40 lane

Aprè 40 lane, anpil gason ka kòmanse fè fas ak difikilte pou pipi. Youn nan pi gwo kòz yo se kwasans benin pwostat la, ke yo rele HBP (Hyperplasie Bénigne de la Prostate). Pwostat la antoure irèt la; lè li vin pi gwo, li ka bloke oswa ralanti pasaj pipi a. Pami sentòm ki pi komen yo, nou jwenn : pipi fèb oswa entèwonp, difikilte pou kòmanse pipi, pipi souvan nan mitan lannwit, sansasyon blad pipi a pa fin vide, ak dènye gout pipi ki pran tan pou soti.

HBP (Hyperplasie Bénigne de la Prostate)

HBP se yon agrandisman pwostat la ki pa kansè. Lè pwostat la grandi, li konprese irèt la, sa ki limite koulè pipi a. Sentòm yo gen ladan yo difikilte pou kòmanse pipi, pipi fèb, pafwa enkapasite pou pipi, ak bezwen ale pipi souvan, sitou lannwit.

Pwostatit

Pwostatit se yon enflamasyon pwostat la. Li ka koze pa bakteri oswa lòt faktè, epi li lakòz doulè nan basen (anba vant), difikilte pou pipi, epi pafwa doulè pandan ejakilasyon. Pwostatit ka trè douloure, epi tretman an depann de kòz la : antibyotik, anti-enflamatwa oswa lòt medikaman pou soulaje sentòm yo.

Sentòm irinè ki pèsistan oswa lannwit

Pwoblèm pwostat souvan lakòz pipi souvan nan mitan lannwit oswa sentòm ki pa sispann. Sa ka deranje dòmi epi afekte gravman kalite lavi gason yo.

Pipi fèb oswa enkapasite pou pipi

Lè pwostat la vin twò gwo, li ka bloke koule pipi a. Sa lakòz pipi a fèb oswa, nan kèk ka, enkapasite total pou pipi. Sitiyasyon sa a ka trè alèzan epi mande swen medikal rapid.

Pipi souvan

Bezwen ale pipi souvan ka vrèman deranje lavi chak jou. Gason ki gen pwoblèm pwostat ka oblije ale pipi plizyè fwa, menm pandan lannwit. Si sentòm sa a pèsiste, li enpòtan pou konsilte yon doktè.


San nan pipi (Hématurie)

Prezans san nan pipi se yon siy ki ka asosye ak plizyè pwoblèm sante, enkli pwoblèm pwostat. Pipi a ka parèt woz, wouj oswa mawon, selon kantite san ki ladan l. Sentòm sa a pa dwe janm neglije.


Enpòtans konsiltasyon medikal

Tout sentòm sa yo — difikilte pou kòmanse pipi, pipi fèb oswa enkapasite pou pipi, pipi souvan, leve pipi nan mitan lannwit, dènye gout pipi, ak san nan pipi — se siy ki ka esplike poukisa anpil gason gen pwoblèm pou pipi apre 40 lane. Lè yon gason remake youn oswa plizyè nan sentòm sa yo, li enpòtan pou li konsilte yon iwològ san pèdi tan.

Freudly BEAUPLAN


En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture