Adresse: Miami, USA
Email: [email protected]
Phone : +1 561 757-9832

Lajan pa sèlman yon kesyon de sa w touche, men sitou de fason w jere li. Byennèt finansye vle di viv san estrès, pare pou fè fas ak enprevi, epi bati lavni w ak entèlijans. Siw vle gen plis kontwòl sou depans ou yo, ekonomize pi byen, epi pran bon desizyon, prensip sa yo ka chanje fason ou jere finans ou ane sa a.
1-Depanse mwens pase sa w touche
Sa se fondasyon tout estabilite finansye. Lè yon moun depanse mwens ke sa li touche, li evite tonbe nan dèt initil, li diminye presyon ekonomik, epi li louvri pòt pou ekonomize ak envesti pou lavni.
2-Fè bidjè a tounen yon zouti, pa yon chay.
Kontrèman ak sa anpil moun panse, yon bidjè pa prizon, men yon plan. Li pèmèt ou wè klè sou revni ak depans ou. Espesyalis yo souvan konseye règ 50/30/20 la :
50 % pou bezwen esansyèl tankou lwaye, manje ak transpò
30 % pou depans pèsonèl ak lwazi
20 % pou ekonomi
Metòd sa a ede limite sipriz epi bay plis kontwòl sou lajan.
3-Ekonomize jodi a pou sekirite demen
Pa gen bon moman pou kòmanse ekonomize. Mete lajan sou kote pou ijans, pwojè pèsonèl, oswa retrèt se yon desizyon ki bay sekirite sou long tèm. Menm ti montan regilye ka fè yon gwo diferans ak tan.
4-Chèche konsèy pou gwo desizyon finansye
Lè se kesyon gwo depans oswa envestisman, pran chans ka koute chè. Konsilte yon konseye finansye kapab ede w evite erè, òganize pi byen bidjè a, epi fè lajan an travay yon mannyè efikas.
5-Devlope edikasyon finansye w
Konesans se yon zam. Konprann kijan kredi fonksyone, kijan pou jere dèt, ak kijan pou envesti pèmèt moun pran desizyon ki pi saj. Plis ou konprann lajan, se plis ou vi n endepandan finansyèman.
6-Pa kite anvi dirije depans ou
Se pa tout sa w vle ou bezwen. Anvan chak depans, li enpòtan pou poze tèt ou kestyon sa a : èske sa ede m pwoche pi pre objektif finansye mwen? Pafwa, pi bon desizyon an se pa achte ditou.
Jere finans pèsonèl se yon chemen ki mennen nan libète, lapè lespri, ak estabilite ekonomik. Lè yon moun aplike prensip sa yo ak disiplin, li ka antre nan ane 2026 ak plis konfyans, plis kontwòl sou depans li, epi yon avni finansye ki pi solid.
Sous: Breakawaywealth
Freudly BEAUPLAN
Subscribe to get the latest posts sent to your email.