2025, yon ane kreyatif : plis pase 200 albòm pou mizik ayisyen an

Malgre yon kontèks sosyopolitik difisil, endistri mizikal ayisyen an kontinye boujonnen ak kreyativite. Pou ane 2025, platfòm «Konpaevents» pibliye yon lis 218 albòm ki sòti, ki kouvri rap, konpa, mizik tradisyonèl ak son eksperimantal. Lis sa a montre ke mizik rete yon sous plezi, kilti ak rezistans nan peyi a.

Anpil pwojè te make mwa janvye a, tankou «Alpha» ak Thelo, «Blessing Vol. 1» ak G-vibe on the beatz, epi «Kwè nan tèt ou» ak Choublak, ki pote enèji ak mesaj motivasyon pou fanatik yo. Rasin Band, ak albòm «Mwen pap chita pami yo Tijan Dantò», melanje tradisyon ak estil modèn, sa ki kontribye pou kenbe mizik ayisyen toujou vivan.

Nan mwa fevriye, mizik lanmou ak idantite te domine  anpil, tankou « Endless Sing of Love pt. 2» ak Dave Casseus epi « Idantite n» ak Harmonik. An menm tan, Monvelyno ak albòm « Alien Music, Alien Illegal» te pote yon son eksperimantal, nouvo ak inovatè.

Mwa me, jen ak jiyè te make pa plizyè albòm “dance” ak “groove”, tankou «Timeline» ak Bleeve, «Therapeutic Kompa Gouyad» pa Momento Mizik, epi «Glory Carrier» ak Dave Casseus. Nan rap, Zoegar Wata Afrika ak « N.E.G Nasyon Evolisyon Ginen» te mete aksan sou mesaj sosyal, ansanm ak ritm kreyatif ki pale ak reyalite sosyete a.

Ane a fini ak lansman pwojè, tankou « Leve defi a» ak Frizz Mizik, «Rebirth» ak Rocky 5, «The Whisper in the Dark» ak Momento Mizik, ki montre ke mizik ayisyen toujou ap evolye epi kenbe fanatik yo konekte ak nouvo eksperyans sonò.

Malgre difikilte ekonomik ak mank resous, atis yo montre yon fwa ankò ke mizik se youn nan pi gwo fòs kilti nou. Chak albòm pote ritm, mesaj ak kreyativite, ki fè pèp la danse, reflechi, epi rete fyè de mizik ayisyen.

Nouvelles Des Amériques


En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture