Etazini : Lajistis apwouve yon lwa ki pèmèt imigran san papye jwenn lisans pou kondwi

Yon jij federal bay apwobasyon li madi pou aplike lwa « Green Light » nan Eta New York k ap pèmèt imigran san papye jwenn lisans kondwi. Desizyon sa a rejte tantativ administrasyon Trump la ki t ap chèche bloke aplikasyon lwa sa a.

Jij federal Anne M. Nardacci, ki chita nan vil Albany, estime gouvènman repibliken an pa rive pwouve lwa New York la vyole lwa federal ni li pa pran pouvwa ki rezève pou gouvènman federal la. Daprè jij la, lwa a pa reglemante zafè imigrasyon, daprè yon atik ki pibliye nan jounal ABC News.

N ap raple, Depatman Jistis Etazini te depoze yon pwosè kont Eta New York nan mwa fevriye, kote yo te site gouvènè Kathy Hochul ak pwokirè jeneral leta a, Letitia James. Lè yo t ap anonse pwosè a, Pwokirè Jeneral Etazini, Pam Bondi, te akize responsab yo kòm si yo t ap bay priyorite a « imigran san papye » olye de sitwayen ameriken yo.

Nan yon deklarasyon li pibliye vandredi a, Letitia James bat bravo pou desizyon lajistis sa. « Depi nan kòmansman, mwen te di lwa nou yo pwoteje dwa tout moun nan New York epi yo ede kenbe kominote yo an sekirite », se sa li fè konnen, pandan li reafime angajman li pou respè lalwa, daprè jounal ameriken an.

Nan dokiman ki prezante desizyon an ki gen 23 paj, jij Nardacci raple wòl tribinal la se pa evalye si lwa a bon oswa move sou plan politik, men pito pou verifye si li respekte Konstitisyon Etazini an, espesyalman prensip ki bay lwa federal yo plis pouvwa pase lwa eta yo.

Nouvelles Des Amériques


En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture