Manje ta anvan ou dòmi : men 5 konsekans sa gen sou sante ou

Anpil moun gen abitid manje ta nan aswè, kèk menm kwè sa ede yo dòmi pi vit. Men, daprè plizyè etid, manje jis anvan dòmi kapab gen efè negatif sou kò a. Men senk konsekans prensipal sa ka genyen sou sante ou.

1-Risk pou pran pwa

Abitid manje ta ka favorize pran pwa. “International Journal of Obesity” pibliye yon etid kote li  montre moun ki manje nan 2 èdtan anvan dòmi gen plis chans vi n twò gwo. Konsome plis pase 100 kalori nan peryòd sa a ka ogmante risk pou pran pwa jiska 80% konpare ak moun ki pa manje anvan dòmi.

2-Ogmantasyon sik nan san

Manje ta, sitou manje ki rich an sik oswa farin, ka fè glisemi monte. Nan aswè, kò a pwodui plis melatonin, ki ka ralanti sekresyon ensilin, sa ki fè nivo sik nan san ogmante pi fasil. Etid nan Wayòm Ini montre moun ki manje aprè 9è nan aswè gen plis risk pou yo devlope dyabèt oswa ogmantasyon grès nan san


3- Move kalite somèy

Nan yon atik ki pibliye sou sit “Psychologies”,  Isabelle Thibaud fè konnen, manje epi ale dòmi imedyatman ka afekte kalite somèy ou. Lè kò a resevwa manje, li jwenn enèji olye l kalme, sa ki ka anpeche ou antre nan faz pwofon somèy la, kote kò a reprann fòs li.

4-Pwoblèm dijesyon

Manje jis anvan ou al dòmi ka deranje dijesyon natirèl kò a. Daprè  “National Library of Medecine (NLM)”, lè w manje mwens pase 3 èdtan anvan w dòmi, ou gen plis chans santi lestomak boule oswa gen sansasyon asid ki monte nan gòj ou. Sa lakoz yon sansasyon pa twò konfòtab epi ka fè w santi w mal.

5- Deregleman òmòn

Manje ta ka afekte balans òmòn ki kontwole grangou ak  vant plen. Syantifik Frank Scheer montre moun ki manje ta santi yo plis grangou, paske nivo òmòn  vant plen an bese, pandan òmòn grangou a ogmante, sa ki fè li pi difisil pou jere pwa kò a.

Konsèy pratik
Pou limite efè negatif manje ta espesyalis yo mande pou evite manje 3 a 4 èdtan anvan dòmi. Si ou oblije manje, chwazi yon repa lejè ak ekilibre : plis legim, pwoteyin senp, epi evite grès ak sik anplis.


En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

Un commentaire

Les commentaires sont fermés.

En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture