Adresse: Miami, USA
Email: [email protected]
Phone : +1 561 757-9832

Nan dènye èdtan yo, tanpèt twopikal Melissa ranfòse rapidman pou l tounen yon siklòn kategori 4, epi ekspè yo estime li ka rive nan kategori 5 ant dimanch swa ak demen lendi.
Daprè Sant nasyonal Siklòn (NHC), Melissa twouve li maten an a anviwon 200 kilomèt nan sid Jamayik, pandan l ap deplase sou lanmè Karayib la. Sistèm nan pwodui van ki depase 120 kilomèt pa èdtan, ak rafal ki ka rive jiska 200 kilomèt pa èdtan, ansanm ak anpil lapli ki deja lakoz inondasyon ak glisman tè nan kèk rejyon nan Karayib la.
Kondisyon atmosferik yo toujou favorab pou Melissa kontinye pran fòs . Espesyalis yo prevwa li ka tounen yon siklòn kategori 5 nan pwochen 24 èdtan yo si tandans aktyèl la kontinye.
Daprè dènye bilten metewolojik NHC a, ouragan sa ka pote gwo van, vag jiska 8 mèt wotè, ak gwo lapli ki ka mennen glisman tè nan plizyè peyi nan rejyon an, tankou Jamayik, Kiba, Ayiti, ak lòt zile Karayib yo.
Otorite yo mande popilasyon yo pou yo rete vijilan, swiv konsèy sèvis meteyo nasyonal yo, epi pare pou tout ijans ki ka parèt nan jou k ap vini yo.
Subscribe to get the latest posts sent to your email.