6 rezon ki pral fè w renmen manje lay plis

Par Freudly BEAUPLAN

Sante se youn nan pi gwo richès lèzòm genyen. Pou n pwoteje li, li enpòtan pou n manje byen, pratike aktivite fizik regilyèman epi suiv kontwòl medikal lè sa nesesè. Pami eleman natirèl ki gen anpil valè pou sante, lay okipe yon plas espesyal.

Depi plizyè syèk, lay itilize kòm remèd natirèl pou soulaje oswa prevni plizyè maladi, pandan li kontinye bay manje plis gou. Daprè plizyè etid, pami yo sa platfòm Healthline Nutrition rapòte, lay genyen anpil benefis ki konfime pa syans. Men kèk nan prensipal avantaj li genyen pou sante nou.

1-Pwoteje kè ak sikilasyon san

Lay kontribye nan bese move kolestewòl (LDL), diminye tansyon epi anpeche san fè boul. Konpozan aktif tankou alisin ede detann veso sangen yo epi limite pwodiksyon òmòn ki ogmante tansyon. Tout mekanis sa yo ede pwoteje kè a epi diminye risk kriz kè ak aksidan vaskilè.

2- Ede kontwole sik nan san

Plizyè etid montre lay ka ede bese nivo sik nan san, sitou lè moun nan pa fin manje. Sa kapab itil pou moun ki gen dyabèt, men li rete enpòtan pou toujou suiv konsèy pwofesyonèl sante yo.

3-Konbat mikwòb ak enfeksyon

Lay gen plizyè konpoze souf ki bay li pwopriyete medsin li yo, tankou :
Alisin (allicin) : fòme lè w kraze oswa koupe lay; li ede konbat bakteri ak viris.
Dyalil disilfid (diallyl disulfide) : gen efè anti-enflamatwa epi ede pwoteje kè ak fwa.
S-ailil sistein (S-allyl cysteine) : yon antioksidan ki pwoteje selil, sèvo ak kè.
Konpozan sa yo ranfòse rezistans kò a kont enfeksyon epi ka diminye gravite rim sèk ak grip. Sepandan, lay pa ranplase medikaman doktè preskri, epi rechèch sou efè li yo toujou ap kontinye.

4-Pwoteje sèvo ak memwa

Antioksidan ki nan lay ede konbat estrès oksidatif ki ka domaje selil nan sèvo. Sa ka ede prevni pwoblèm memwa ak maladi tankou Alzaymè, epi pèmèt sèvo a rete an sante pandan n ap pran laj.

5-Ede elimine metal lou nan kò a

Konpoze souf lay genyen yo ka ede retire metal lou tankou plon nan san ak nan ògàn yo. Sa ede pwoteje fwa ak lòt ògàn kont domaj toksik.

6-Ede prevni maladi epi favorize lonjevite

Konsomasyon regilye lay ka ranfòse sistèm iminitè a, pwoteje kè a epi limite domaj selilè. Dapre kèk etid, moun ki manje lay regilyèman gen plis chans viv pi lontan.

Lay se yon eleman natirèl ki pote anpil benefis pou sante nou. Li ede pwoteje kè ak san, ranfòse defans kò a, pwoteje sèvo a epi ede elimine toksin. Entegre lay nan yon rejim alimantè balanse ka kontribye nan yon lavi pi an sante ak pi long. Sepandan, li pa ranplase konsèy medikal ni tretman doktè bay.

Freudly BEAUPLAN


En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur Nouvelles des Amériques

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture